Reduce bounce rates

Jounal Kreyòl Premye Okazyon || mèkredi 3 Jiyè

Accueil » Live » Jounal Kreyòl Premye Okazyon || mèkredi 3 Jiyè
Partager

1.- Sitiyasyon an toujou rete konplike nan komin gresye kote bandi ak zam yo kontinye ap teworize popilasyon an.

Bandi yo rantre lakay sitwayen yo epi pote ale tout sa yo jwenn malgre lapolis anonse reprann kontwol komisarya .

Plizye bandi mouri nan echanj kout zam ak lapolis ,chofe ki tap kondwi anjen lou pou te kraze yon pati nan komisarya jwenn arestasyon li ,dapre kodinasyon presa k relasyon piblik PNH la .

2.-Liberasyon kire pawas gresye a,pe Emmanuel Sainteliat ,bandi ak zam te kidnape nan presbite legliz senjanbatis la ,lendi pase a .

Anvan sa acheveche potoprens la te deplore kalite zak vyolans endividi ak gwo zam ilegal komet epi kontinye ap komet nan komin gresye epi egzije liberasyon pe Emmanuel Sainteliat .

3.-Vizit premye minis Garry Conille nan peyi etazini depi vandredi pase a ap rapouswiv – Aye madi a ,chef gouvenman rankontre sekrete deta ameriken an,Antony blinken kote diskisyon yo te dewoule sou deplwaman fos miltinasyonal la an ayiti ak oganizasyon pwochen eleksyon yo nan peyi a .

Garry Conille rankontre tou ak direktris jeneral FMI an, kristalina Georgieva epi diskite sou enpak kriz la,deteminasyon pou adrese defi sekirite ,ekonomik ak sosyal yo .

4.-Sekrete jeneral OEA,Luis Almagro renouvle angajman enstitisyon lap dirije a pou kontinye akonpaye ayiti .

Deklarasyon li fe nan moman li tap rankontre premye minis Garry Conille akonpaye minis afe etranje a ,Dominique Dupuy ,aye madi a .

Diskisyon yo te chita sou defi ki gen pou we ak sekirite peyi a ,leta dedwa,ak refom konstitisyon an jis rive nan pwochen eleksyon yo,dapre Chef gouvenman ,Garry Conille .

5.-Me James Jean Louis enstalé kòm nouvo komisè gouvènman Okay ayè madi 2 jiyè a. Li ranplase nan pòs sa a Ronald Richemond ministè lajistis mété sou kote nan sistèm lan jedi 27 jen pasé a swit ak dives plent yo resevwa kont li .

Nan you interview li bay Caraïbes FM aprè seremoni sa a nan vil Okay, nouvo chèf Pakè a di li pral batay kont bandi ak zam nan rejyon an.

Sepandan li mandé sipò popilasyon an, sitou manb sektè privé oubyen bizisman yo. Komisè Jean Louis pwofité envité tout moun ki viktim swa: zak vyòl, vòl, kanbriyolaj ak tout lòt agresyon pou poté plent nan Pakè a .

Prezantasyon : Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND
Meteyo : Chrisnette SAINT-GEORGES
Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4×4
Pwodiksyon : Jean-Claude DOLCÉ
kowòdinasyon : Peterson LUXAMA
Redaksyon : Dieuseul GUERRIER
Reyalizasyon ak Sou Entènèt : Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Théagène

#Jounal #Kreyòl #Premye #Okazyon #mèkredi #3 #Jiyè #

Source link

Home

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Retour en haut